Fantom gen plizyè jou depi imigrasyon nan peyi vwazen arete l, yon arestasyon ki lage anpil bon ak move kòmantè sou entènèt la. Team Tapajè ki gen anpil alye rapè a ladan l mande otorite dominikèn yo pou trete dosye atis la byen e pi lwen, yo mande anbasad Ayiti ki an Repiblik Dominikèn nan pou antre nan dosye a pou Fantom ka libere.
Anpil ap kesyone rezon arestasyon sa a ki pa fin klè paske Fantom te toujou konn an Repiblik Dominikèn.




















