Anpil rafal kout bal reveye moun Taba, Tòsèl, Kwadèboukè, Vivy Mitchell, Wout Frè e menm moun Dèlma tande eskonbrit sa yo maten jedi 18 desanm 2025 sa a. Pliske 10 dwòn tonbe e gen temwen ki sinyale anpil inite espesyalize k ap fè patwouy nan perimèt sa yo. Depi vè minwi, anpil detonasyon t ap fèt nan plèn nan.
Poko gen twòp detay sou kisa lapolis ap fè definitivman.




















