Minis Afè Etranjè Repiblik Dominikèn, Víctor «Ito» Bisonó, estime si Ayiti retounen jwenn lapè ak estabilite, Ayisyen yo ap gen plis rezon pou rete nan peyi yo olye yo ale chèche travay ak pi bon kondisyon lavi nan Repiblik Dominikèn. Pandan yon entèvyou li bay jounalis Roberto Cavada nan New York, nan kad patisipasyon Repiblik Dominikèn nan Asanble Jeneral Nasyonzini an, Bisonó deklare: «Si Ayisyen yo gen lapè la, yo rete la. E si yo gen lapè, asireman y ap gen travay. Konsa, y ap achte plis pwodwi nan Repiblik Dominikèn.»
Minis lan mete aksan tou sou aspè ekonomik la, li fè konnen si Ayisyen yo gen travay ak estabilite ann Ayiti, yo ta kapab vin pi gwo konsomatè pwodwi dominiken yo.













