Day: <span>September 22, 2026</span>

60 Ayisyen arete nan lanmè pandan y eseye antre Turks

OtoriteTurks and Caicos yo, nan tèt kole ak ajan ameriken k ap opere nan lanmè, sezi yon ti bato lapèch ble ki t ap transpòte 60 Ayisyen nan dlo tèritwa a. Daprè Royal Turks and Caicos Islands Police Force, bato a te detekte nan kad operasyon siveyans maritim ak kontwòl fwontyè ki vize konbat antre […]Lire plus...

Michel Martelly kandida pou prezidan anba banyè DEBLOKE

Ansyen prezidan, Michel Joseph Martelly, antre ofisyèlman nan kous elektoral 2026 la kòm kandida pou prezidan sou banyè DEBLOKE. Li deja enskri an liy, daprè enfòmasyon plizyè medya ayisyen rapòte, madi 22 septanm sa a. Martelly te deja enskri kòm elektè nan Lise Petyonvil la, yon demach ki te deja relanse kesyon sou entansyon li […]Lire plus...

Gouvènman defakto a kontinye gaspiye lajan nan lobiying

Gouvènman ayisyen an siyen yon kontra ak Drake Ventures LLC, konpayi ki asosye ak Roger Stone, pou reprezante enterè Ayiti devan gouvènman ameriken an. Kontra a te siyen 2 septanm 2026 epi li prevwa yon peman $65.000 pa mwa, oswa $780.000 pou 12 mwa. Konpayi an dwe konseye gouvènman ayisyen an, fè lobbying devan otorite […]Lire plus...

Prezidan Lula pa mezire pawòl li kont Etazini

Prezidan Brezil la, Luiz Inácio Lula da Silva, kritike enfliyans Etazini nan zafè entènasyonal pandan li t ap pran lapawòl nan lansman 81yèm Sesyon Asanble Jeneral Nasyonzini an nan New York. Lula defann souverènte peyi yo epi li denonse sa li konsidere kòm yon tandans kote Etazini ap aji tankou se li ki gen otorite […]Lire plus...

Eleksyon ap pwoche, Jude Célestin resisite

Aprè plizyè lane li te rete lwen sèn piblik la, ansyen kandida pou prezidan Jude Célestin, parèt tèt li ankò. Madi 22 septanm sa a, Jude Célestin te parèt piblikman nan Taba, kote li te enskri kòm elektè nan kad preparasyon pou pwochen eleksyon yo. Nan okazyon an, ansyen kandida prezidansyèl la fè konnen li […]Lire plus...

Yon avoka anba kòd aprè yo jwenn 3 Ayisyen san

Yon avoka dominiken anba kòd nan Dajabón aprè otorite yo dekouvri 3 Ayisyen nan sitiyasyon migratwa iregilye kache nan kòf machin li. Daprè enfòmasyon otorite yo bay, mèt Sandra Maribel Furcal Guzmán, t ap kondi yon Honda CR-V blan lè militè yo te kanpe machin nan nan zòn El Laurel pou yon kontwòl. Pandan enspeksyon […]Lire plus...

Idriss Carlos Kameni se nouvo antrenè gadyen Grenadye yo

Ansyen entènasyonal Kamewounè a Idriss Carlos Kameni, vin nouvo antrenè gadyen seleksyon nasyonal Ayiti a. Kameni, ki te jwe pou Espanyol Barcelone, Malaga ak Fenerbahçe, pote gwo eksperyans entènasyonal nan estaf teknik Grenadye yo. Federasyon Foutbòl Ayisyen an ap make pwen menmsi l ret anpil bagay ki dwe korije.Lire plus...

Si Ayiti gen lapè, Ayisyen pap vin nwi nou Sendomeng

Minis Afè Etranjè Repiblik Dominikèn, Víctor «Ito» Bisonó, estime si Ayiti retounen jwenn lapè ak estabilite, Ayisyen yo ap gen plis rezon pou rete nan peyi yo olye yo ale chèche travay ak pi bon kondisyon lavi nan Repiblik Dominikèn. Pandan yon entèvyou li bay jounalis Roberto Cavada nan New York, nan kad patisipasyon Repiblik […]Lire plus...

Dosye Jovenel Moïse : 22 akize parèt devan yon jij

Yon total 22 moun ki akize nan asasina ansyen Prezidan ayisyen Jovenel Moïse la parèt devan jij federal Lisette Reid nan tribinal Clyde Atkins Courthouse, nan Miami, Florid. Akize yo te prezante youn apre lòt devan tribinal la, anba gwo mezi sekirite. Yo te mete menòt nan men yo, chèn nan pye ak nan senti, […]Lire plus...

Lapolis libere 6 otaj zèfèyis yo te kenbe Kenskòf

Dérilus Léger, 50 lane, Raphael Marco, 51 lane, Raphael Zaddy, 13 lane, Raphael Roodny, 16 lane, Exil Watson, 18 lane ak Exantus Ania ki gen 28 lane jwenn liberasyon yo 20 septanm 2026 nan komin Kenskòf. Se Lapolis nan tèt kole Fòs Represyon Gang yo ki rive libere moun sa yo selon enfòmasyon PNH bay. […]Lire plus...

Contact Us