Prezidan Brezil la, Luiz Inácio Lula da Silva, kritike enfliyans Etazini nan zafè entènasyonal pandan li t ap pran lapawòl nan lansman 81yèm Sesyon Asanble Jeneral Nasyonzini an nan New York. Lula defann souverènte peyi yo epi li denonse sa li konsidere kòm yon tandans kote Etazini ap aji tankou se li ki gen otorite sou desizyon ki konsène rès mond lan. Li ensiste sou nesesite pou respekte endepandans ak dwa chak nasyon.
Prezidan brezilyen an kritike tou politik Izrayèl nan Gaza epi li mande pou kominote entènasyonal la ranfòse efò li pou jwenn solisyon diplomatik ak respekte dwa entènasyonal.













