Ansyen prezidan, Michel Joseph Martelly, antre ofisyèlman nan kous elektoral 2026 la kòm kandida pou prezidan sou banyè DEBLOKE. Li deja enskri an liy, daprè enfòmasyon plizyè medya ayisyen rapòte, madi 22 septanm sa a. Martelly te deja enskri kòm elektè nan Lise Petyonvil la, yon demach ki te deja relanse kesyon sou entansyon li pou eleksyon k ap vini yo. Pou eleksyon 2026 yo, DEBLOKE deja parèt nan lis estrikti politik KEP a kòm yon regroupman politik akredite, avèk nimewo 15.
Daprè kalandriye elektoral la, pwosesis enskripsyon ak depo pyès kandida yo toujou ap dewoule.















