Gouvènman ayisyen an siyen yon kontra ak Drake Ventures LLC, konpayi ki asosye ak Roger Stone, pou reprezante enterè Ayiti devan gouvènman ameriken an. Kontra a te siyen 2 septanm 2026 epi li prevwa yon peman $65.000 pa mwa, oswa $780.000 pou 12 mwa. Konpayi an dwe konseye gouvènman ayisyen an, fè lobbying devan otorite amerikèn yo epi suiv evolisyon politik Washington ki konsène Ayiti.
Roger Stone te siyen dokiman FARA yo 15 septanm 2026. Dosye a te depoze nan mwa septanm nan.













