Dérilus Léger, 50 lane, Raphael Marco, 51 lane, Raphael Zaddy, 13 lane, Raphael Roodny, 16 lane, Exil Watson, 18 lane ak Exantus Ania ki gen 28 lane jwenn liberasyon yo 20 septanm 2026 nan komin Kenskòf. Se Lapolis nan tèt kole Fòs Represyon Gang yo ki rive libere moun sa yo selon enfòmasyon PNH bay. Kriminèl ki rele Didi a te kidnape moun sa yo depi mwa dawout 2026.
Fòs lòd yo te mennen viktim yo nan komisarya Kenskòf la aprè liberasyon yo.















