OtoriteTurks and Caicos yo, nan tèt kole ak ajan ameriken k ap opere nan lanmè, sezi yon ti bato lapèch ble ki t ap transpòte 60 Ayisyen nan dlo tèritwa a. Daprè Royal Turks and Caicos Islands Police Force, bato a te detekte nan kad operasyon siveyans maritim ak kontwòl fwontyè ki vize konbat antre ilegal sou teritwa a. Entèvansyon an te fèt madi 22 septanm nan nan maten.
Daprè Miami Herald, Turks and Caicos te deja bloke 1 435 Ayisyen depi kòmansman ane 2026 la pandan yo t ap eseye antre sou tèritwa yo a













