“Pou yon dire limite, nou otorize Etazini itilize espas restren nan baz ayeryèn San Isidor ak nan Ayewopò entènasyonal Amerik yo pou operasyon lojistik, tanspò ekipman ak pèsonèl teknik”, se sa prezidan dominiken an Luis Abinader deklare. Aksè sa a, yo bay Etazini l pou mennen batay kont dwòg nan Karayib la ak nan Pasifik la.
N ap raple depi lè Abinader pran pouvwa a, li bay Etazini anpil posiblite pou jere politik militè yo nan rejyon an.





















