Dadou Pasquet, youn nan vizaj anblematik sektè mizikal la an Ayiti pèdi lavi l ayè samdi 22 novanm 2025 lan. Gitaris, chantè, konpozitè, mayestwo pou n site sa yo ase, Dadou mouri lopital aprè eta sante l te vin deteryore. Dadou Pasquet ap rete yon lejand vivan nan sektè mizikal la nan peyi d Ayiti, konpa a an patikilye.
Dadou Pasquet kite yon gwo vid nan mond mizikal ayisyen an.





















