Jij Ana Reyes rann yon òdonans ki mete bout ak pwoteksyon legal ki te anpeche administrasyon Trump lan aplike revokasyon TPS ayisyen yo. Akoz nouvo òdonans sa a, pwoteksyon legal ak otorizasyon travay ki te mache ak TPS la pa an vigè ankò. Sa vin lakoz tou plizyè milye ayisyen ki te gen pwoteksyon sa a depi anviwon 16 lane pèdi li.
Selon plizyè medya etranje, resòtisan ayisyen ki Ozetazini nan moman an ki sou TPS kapab depòte.













