Day: <span>August 5, 2026</span>

DG PNH la patisipe nan fè fouy sou Dèlma

Direktè Jeneral Polis a, Vladimir Paraison desann sou tèren an fizikman pou fè kontwòl sou veyikil k ap pase epi kontwole idantite moun. Vladimir Paraison menm jan ak plizyè lòt polisye t ap tcheke machin ak moto epi kontwole idantite chak jèn fanm ak jenn gason ki te sou Dèlma pandan jounen mèkredi 5 dawout […]Lire plus...

Konsila Ayiti nan Miami pare pou ede Ayisyen yo

Fas ak gwo pwoblèm resòtisan ayisyen yo ap fas nan moman an Ozetazini, konsila Ayiti ki nan Miami an anonse kèk mezi pou pote asistans ba yo. Daprè yon kominike, gen yon komite swivi ki deja mete sou pye pou asiste ayisyen ki an difikilte yo. Komite a pral fasilite kominikasyon ak sèvis konsilè yo […]Lire plus...

Se ofisyèl: Ayisyen Ozetaziniyo, pèdi TPS yo

Jij Ana Reyes rann yon òdonans ki mete bout ak pwoteksyon legal ki te anpeche administrasyon Trump lan aplike revokasyon TPS ayisyen yo. Akoz nouvo òdonans sa a, pwoteksyon legal ak otorizasyon travay ki te mache ak TPS la pa an vigè ankò. Sa vin lakoz tou plizyè milye ayisyen ki te gen pwoteksyon sa […]Lire plus...

Degre tanperati a ogmante sou peyi d Ayiti

Sèvis idwometeyowolojik peyi d Ayiti anonse yon chalè k ap pi rèd sou peyi d Ayiti jiska demen jedi 6 dawout 2026 la. Tanperati a ap atenn jiska 38 degre. Selon teknisyen yo, tanperati sa a gen pou wè ak yon tanpèt sab ki sòti nan dezè Sahara k ap pase sou peyi a. Nivo […]Lire plus...

Braslè elektwonik boulvèse migran ayisyen yo

Responsab ameriken yo pa sispann rele ayisyen ki te gen randevou nan telefòn. Lè yo rive, yo mete yon braslè elektwonik nan pye yo pou yo ka gen kontwòl yo sou tèritwa ameriken an. Selon temwanyaj youn nan moun sa yo, yo resevwa lòd pou yo pa kite braslè a dechaje. Depi l rive 15%, […]Lire plus...

Contact Us