Sèvis idwometeyowolojik peyi d Ayiti anonse yon chalè k ap pi rèd sou peyi d Ayiti jiska demen jedi 6 dawout 2026 la. Tanperati a ap atenn jiska 38 degre. Selon teknisyen yo, tanperati sa a gen pou wè ak yon tanpèt sab ki sòti nan dezè Sahara k ap pase sou peyi a. Nivo chalè sa a kapab fasilite kèk kout lapli sou tèt mòn yo atravè kèk depatman.
Responsab yo mande pou fanmi yo voye je sou granmoun yo, ti moun piti ak moun ki malad yo. Bwè anpil dlo pou evite dezidratasyon.













