Direktè Jeneral Polis a, Vladimir Paraison desann sou tèren an fizikman pou fè kontwòl sou veyikil k ap pase epi kontwole idantite moun. Vladimir Paraison menm jan ak plizyè lòt polisye t ap tcheke machin ak moto epi kontwole idantite chak jèn fanm ak jenn gason ki te sou Dèlma pandan jounen mèkredi 5 dawout 2026 la. Plizyè restoran te gen fouy ki fèt ladan yo tou, sitou Dèlma 33.
Vladimir Paraison, atravè mezi sa a ta vle voye yon sinyal sou Dèlma a, yon kote zak kidnaping yo pa sispann ogmante.













