Fas ak gwo pwoblèm resòtisan ayisyen yo ap fas nan moman an Ozetazini, konsila Ayiti ki nan Miami an anonse kèk mezi pou pote asistans ba yo. Daprè yon kominike, gen yon komite swivi ki deja mete sou pye pou asiste ayisyen ki an difikilte yo. Komite a pral fasilite kominikasyon ak sèvis konsilè yo epi ede moun ki bezwen asistans.
Konsila a mete sit entènèt li disponib, yon adrès imèl ak yon nimewo telefòn pou resevwa doleyans migran sa yo.













