Operasyon sa a ki mennen an, se yon inite elit ameriken yo souvan rele “Delta Force” nan tèt kole ak DEA ki debake Karacas epi mete men sou prezidan Nicolás Maduro ansanm ak madanm li maten samdi 3 janvye 2026 la. Donald Trump t ap swiv operasyon sa a an dirèk selon plizyè medya men jiskaprezan, otorite venezyelyèn yo pa rekonèt okenn chanjman nan pouvwa a.
Plizyè peyi sèlman denonse sa ki pase a men pa vrèman gen okenn pwomès ki fèt pou ede Venezyela nan moman difisil sa a.





















