Selon deklarasyon Assad Volcy, se Ariel Henry ki pase komisè gouvènman Pòtoprens lan lòd pou libere Stéphanie Mondestin paske l pat dakò jan arestayon an te fèt la. Nan entèvansyon li an, li fè konnen premye minis la pa vle pote non « pèsekitè politik » sitou madanm nan se moun pa Claude Joseph. « Yo pat libere Stéphanie Mondestin depi samdi se pou yo pat blaze komisè gouvènman an », toujou selon deklarasyon Assad Volcy a.
Pi lwen, responsab Gazette Haïti a di Alfredo Antoine nan dwa l lè l di Edler Guillaume pa gen konpetans pou tande moun ki akize yo paske depi lè l te fin resevwa rapò yo nan men ULCC, li te dwe tou voye yo devan yon jij enstriktè pou swit legal.