Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl lanse Estrateji Nasyonal pou Sante Mantal anndan lekòl yo nan peyi d Ayiti. Daprè kominike ministè a, inisyativ sa a lanse pou ede elèv ki sibi konsekans ensekirite a ak kriz imanitè k ap frape peyi a. Ranfòse prevansyon, sipò ak swivi sikolojik pou ti moun ak jèn ki viktim chòk al vyolans, se kèk nan mezi y ap pran nan pwogram sa a.
Gen plizyè enstitisyon Leta ki pral mete men ak ministè a pou demare pwogram sa a pandan y ap rekrite 25 fòmatè ak 50 fasilitatè.





















