Komite egzekitif Dèlma lanse premyè edisyon fwa liv ki batize “Vakans an liv” nan komin Dèlma. Aktivite sa a ap dewoule nan Palè Minisipal Dèlman 15 dawout 2026 sòti 9è nan maten pou bout 7è nan aswè selon òganizatè yo. Gen plis pase 30 otè k ap patisipe nan fwa sa a. Antre a ap gratis pou ti moun ki piko gen 14 lane pandan lòt moun yo ap peye 500 goud.
Òganizatè yo pral mete an valè literati ayisyèn ak atizana lokal pandan aktivite sila a.





















