Etidyan Inivèsite Leta d Ayiti ki nan fakilte Etnoloji lanse yon mouvman pwotestasyon depi kèk jou. Etidyan sa yo ap denonse fason kèk dosye administratif ak akademik ap jere nan fakilte a. Pwotestatè yo mande dekana fakilte a pou l bay eksplikasyon klè sou plizyè dosye ki konsène fonksyònman enstitisyon an. Aktivite yo bloke pandan etidyan yo ap tann dezisyon responsab yo.
Sitou nan dosye pwogram Pierre Lelien Douyon ki gen pou wè ak ache liv pou etidyan yo, manifestan yo vle plis transparans sou sa.





















