Komin Wanament lanse ofisyèlman ayè mèkredi 29 jiyè a preparasyon fèt patwonal li ki pral dewoule anba tèm “Se fèt pa nou, ann kole zepòl pou devlopman, sekirite ak pwòpte.” Se nouvo majistra prensipal la, Hervé Pierre, ki prezante komite ki pral gen responsablite òganize festivite yo.
Nan entèvansyon li, majistra a mete aksan sou nesesite pou tout sektè nan komin nan mete tèt ansanm pou asire yon fèt ki byen òganize, nan sekirite ak pwòpte.. Li fè konnen objektif la se pa sèlman selebre Sen Patwon an, men tou ranfòse lespri sitwayènte, ankouraje patisipasyon popilasyon an epi mete an valè potansyèl devlopman vil la.
Otorite minisipal yo espere mobilizasyon sa a pèmèt fèt patwonal Wanament lan tounen yon espas rasanbleman, solidarite ak pwomosyon devlopman lokal, pandan y ap envite tout sitwayen ak òganizasyon yo pote kole pou reyisit evènman sila a.





















