Raina Forbin ki se minis Zafè Etranjè ak Kilt te chita pale ak yon santèn lidè relijye sou pwosesis elektoral la ki lanse nan peyi a ayè mèkredi 29 jiyè 2026 la. Rankont sa a ki te dewoule nan Direksyon kilt yo nan ministè te fèt an prezans kèk aktè tankou prezidan KEP a, Jacques Desrosiers. Echanj yo te chita sou wòl pastè, prèt ak ougan yo kapab jwe pou ankouraje sitwayen yo pran chemen eleksyon.
Raina Forbin mande lidè sa yo pou yo sansibilize fidèl yo pou yo kapab patisipe nan pwochen eleksyon yo.





















