Nan lokalite Williamson, komin Akayè, 2 moun pèdi lavi yo pandan yo t ap netwaye yon pi atezen. Selon premye eleman enfòmasyon temwen ki te la yo bay, yon premye moun ta desann nan pi a, men li pa t janm remonte. Pou pote l sekou, yo voye yon dezyèm moun desann, lè li rive li jwenn premye moun nan mouri, nan fè tantativ pou monte ak kò a, li menm tou li glise e mouri la pou la.
Dram sa a lage gwo dezolasyon ak anpil kesyònman nan zòn nan. Poko gen detay sou kisa yo fè ak moun ki mouri yo.























