Day: <span>July 29, 2026</span>

Sante mantal anndan lekòl yo se priyorite MENFP

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl lanse Estrateji Nasyonal pou Sante Mantal anndan lekòl yo nan peyi d Ayiti. Daprè kominike ministè a, inisyativ sa a lanse pou ede elèv ki sibi konsekans ensekirite a ak kriz imanitè k ap frape peyi a. Ranfòse prevansyon, sipò ak swivi sikolojik pou ti moun ak jèn ki […]Lire plus...

Gouvènman defakto a dwe reyaji sou dosye TPS ayisyen yo

Guerline Joseph ki se yon militan dwa moun mande pou Alix Didier Fils-Aimé mennen yon pledwaye devan gouvènman ameriken an sou sa ki konsène TPS ayisyen yo Ozetazini. Nan yon entèvansyon li fè sou radyo Magik 9, Guerline Joseph deklare dirijan ayisyen yo dwe eksplike otorite amerikèn yo kòman ensekirite ak kriz imanitè a ap […]Lire plus...

Kiki Ramos antre nan listwa ak Ajantin U-17

Jèn foutbolè Kiki Ramos antre nan listwa kòm premye jwè ki fèt Ayiti ki pote koulè yon seleksyon an Ajantin. Kiki jwe premye match li ak U-17 Albiceleste a pandan yon rankont amikal kote ekip li a bat Ekwatè 2-1. Kiki Ramos fèt Pòtoprens men li te antre an Ajantin tou piti e se la […]Lire plus...

Bahamas depòte 61 migran ayisyen

61 ayisyen pami yo 15 fanm ak 46 gason ateri nan ayewopò Okap la madi 28 jiyè 2026 la. Se otorite nan peyi Bahamas ki depòte konpatriyòt sa yo. Daprè ONM, chak moun sa yo benefisye yon anvlòp 10 mil goud, yon plan manje ak lòt sipò pou ede yo rejwenn fanmi yo. Moun sa […]Lire plus...

Taekwondo : Jessica Lynn Lee fè Ayiti briye

Jèn atlèt ayisyèn Jessica Lynn Lee antre nan listwa espò peyi a apre li fin ranpòte yon meday lò nan kategori mwens pase 62 kilo nan 25e Jwèt Amerik Santral ak Karayib yo. Selon medya Haiti Tempo, avèk gwo pèfòmans li a, Jessica bay delegasyon ayisyèn nan premye tit li nan konpetisyon an epi li […]Lire plus...

Gang Kokorat San Ras la ateri jouk Sen Michèl Latalay

Brigan ki fè pati kowalisyon Kokorat San Ras ak Gran Grif yo debake nan komin Sen Michèl Latalay nan depatman Latibonit ayè madi 28 jiyè a nan aswè. Kriminèl yo antre nan 7e seksyon kominal la sitou nan lokalite Mamon ak Pòl. Yo vòlò lajan peyizan yo, machin ak motosiklèt nan zòn ki site pi […]Lire plus...

Gad kot ameriken arete 54 ayisyen ki t ap pran

Royal Bahamas Defense Force ak sipò gad kot ameriken arete yon bato ki t ap transpòte 54 ayisyen nan nò Exuma nan kòmansman semèn sa a. Pandan operasyon sa a, gad kotyè yo sezi plizyè pakè ki ta gen kokayin ladan yo nan menm bato a. Aprè arestasyon an, yo te remèt yo bay sèvis […]Lire plus...

Ayiti nan ekspozisyon entènasyonal an Itali

Patrimwàn kiltirèl ayisyen an reprezante nan gran ekspozisyon entènasyonal k ap òganize nan vil Veniz an Itali. Ane sa a, gran fèt kiltirèl sa a kòmanse depi 9 me e l ap bout 22 novanm 2026. Prezans Ayiti nan festival sa a se pou fè pwomosyon pou zèv atistik ak atis li yo ki gen […]Lire plus...

Contact Us