Royal Bahamas Defense Force ak sipò gad kot ameriken arete yon bato ki t ap transpòte 54 ayisyen nan nò Exuma nan kòmansman semèn sa a. Pandan operasyon sa a, gad kotyè yo sezi plizyè pakè ki ta gen kokayin ladan yo nan menm bato a. Aprè arestasyon an, yo te remèt yo bay sèvis imigrasyon pou yo ka depòte yo.
Malgre tout entèdiksyon ki genyen, ayisyen pa sispann al riske vi yo sou lanmè nan rejyon an.





















