Patrimwà n kiltirèl ayisyen an reprezante nan gran ekspozisyon entènasyonal k ap òganize nan vil Veniz an Itali. Ane sa a, gran fèt kiltirèl sa a kòmanse depi 9 me e l ap bout 22 novanm 2026. Prezans Ayiti nan festival sa a se pou fè pwomosyon pou zèv atistik ak atis li yo ki gen anpil reyalizasyon atistik. Nan tèt delegasyon ayisyèn nan, gen direktè kabinè minis touris la ki se Yvens Alexis.
Malgre ensekirite a bloke sektè atistik la an Ayiti, atis ak atizan yo pa sispann kenbe drapo ble e wouj la wo sou sèn entènasyonal la.





















