Rutshelle Guillaume te nomine nan TRACE AWARDS Festival ane sa a. Ruth ranpòte tit « pi bon atis » Karayib la devan lòt atis tankou Kalash, Bamby, Princess Lover, Admiral T, Shenshea, elatriye. Michael Brun li menm fini kòm « pi bon DJ » nan mitan divès lòt tankou Uncle Waffles, DJ Spinall, Danni Gato ak DJ Illans. Seremoni an te òganize samdi 21 oktòb sa a, nan BK Arena ki twouve l nan vil Kigali, peyi Wannda.
Rutshelle Guillaume deja reyaji sou rezo yo pou remèsye moun ki te sipòte l ak vote pou pou l te ka jwenn distenksyon sa a. Yon gwo eskplwa pou mizik ayisyèn nan.