Gouvènman an libere ansyen majistra Akayè a men selon sa yo di se yon libète ki bay sou kondisyon pou madanm ka al jere zafè sante li. Rosemila te anba kòd nan Puerto-Plata jou ki te 10 dawout 2025 lan pandan l t ap soti Kanada. Lajistis isit la te kenbe l pou asosiyasyon malfèktè men sitou pou relasyon l al gwoup teworis Viv-Ansanm nan.
Se menm libète kondisyonèl sa a madan Edwin Tonton te resevwa. Se ranjman yo ki konsa.





















