Eric Casséus, se yon ansyen e gwo kad nan Bank Repiblik d Ayiti ki pèdi lavi l lachman anba men bandi ak zam. Li gen 42 lane depi l t ap sèvi pi gwo Bank peyi a. Bandi yo t ap tante kidnape l e lè yo pa reyisi yo simen katouch sou li samdi 18 mas la nan aprè midi, sa ki lakoz l al mouri lopital. Eric Casséus ta pral pran retrèt li nan fen semèn k ap vini la a.
Sa a se yon pèt kapital pou Ayiti a. Aprè 42 zan depi sitwayen an ap sèvi peyi l, bandi gaspiye l san l pa fin jwi fri travay li.