Otorite lokal yo te sezi Vandredi yon yatch Ris ki t ap pase nan Sendomeng. Yo sezi yatch la sou demann la jistis Ameriken, dapre sa biwo Minis Jistis Dominiken an di. « Biwo Pwokirè Piblik la te sezi yatch Flying Fox Vandredi nan kad yon ankèt sou akizasyon blanchiman lajan ak trafik zam ».
Otorite yo sezi yatch sa a nan on moman kote « Etazini te louvri yon ankèt kont plizyè sib ki enplike nan blanchi lajan sou echel entènasyonal la « .
Lèzetazini enpoze sanksyon sou Larisi ak moun ki lye ak Prezidan Ris Vladimir Putin apre envazyon lame Ris la nan Ikrèn.
Hnews/Voa