Nan kad Madi Nasyon an ki t ap òganize nan Primati, Sekretè d Eta sekirite piblik la, Mario Andresol deklare rezon ki fè wout Nasyonal #1 ak #2 yo pa debloke, se paske te gen menas koudeta. Li fè konnen, chèf polis la te oblije chanje estrateji pou garanti sekirite ofisyèl yo ak sit estratejik yo. Mario Andresol fè figi l byen di pou l repete grimas sa yo nan figi moun.
Mario Andresol di lè l te di sa a, li gen done nan men l ki te ka pwouve sa.





















