Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, ansanm ak minis Edikasyon Nasyonal la, Vijonet Déméro, inogire jedi sa a Lekòl Batis Mélinette, nan komin Aken, nan depatman Sid la. Lekòl la te sibi gwo domaj pandan tranblemanntè 14 out 2021 an. Apre plizyè ane, etablisman an jwenn yon nouvo lavi gras ak travay rekonstriksyon ki fèt ak sipò Compassion International.
Lekòl la prevwa resevwa elèv yo ankò apati 7 septanm 2026, nan kad nouvo ane akademik la.
Seremoni inogirasyon an te fèt an prezans plizyè responsab, otorite lokal, paran ak manm kominote a. Rekonstriksyon lekòl la konsidere kòm yon etap enpòtan pou amelyore kondisyon aprantisaj timoun yo nan zòn nan.













