Direksyon Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti pran mezi sa a definitivman kote yo entèdi polisye pote kagoul, foula ak lòt objè ki kapab bare vizaj yo lè yo nan lari a. Polisye yo dwe raze cheve yo epi fè bab yo. Wo grade PNH la ajoute se sèlman nan kad operasyon espesyal yo yon polisye kapab nete kagoul pou bare figi l.
PNH la pran mezi sa a pou batay kont fo idantite anndan kò a.
Dènye tan sa yo, pi fò kidnaping ki fèt Dèlma, ravisè yo pote inifòm lapolis ak kagoul.





















