Pandan li nan prizon an, pwofèt Markenson Dorilas ekri yon lèt pou denonse sa l rele traktasyon ak fo akizasyon sou tout fòm k ap fèt kont li. Responsab legliz “les Envoyés” a fè konnen, sa fè prèske 22 jou li pa gen libète e malgre sante l pa bon, li kontinye kenbe epi rete kwè l ap retounen lib pou fè travay li. Nan lèt sa a, li remèsye tout moun k ap sipòte l ak tout sa ki vizite l e priye pou li.
Markenson di li rete kwè nan jistis peyi l e panse verite ap triyonfe nan dosye sa a.





















