Se pa blag mesye yo a fè non! Laurent Saint-Cyr pran avyon pou ale nan peyi Etazini egzateman Washington kote l pral pase 2 jou pou diskite ak peyi zanmi Ayiti yo, selon sa laprezidans pibliye nan yon kominike. Reyinyon sa a se OEA avèk kèk lòt patnè ki fè tèt yo pase pou zanmi Ayiti k ap ògnize l. Yo di tout sa se pou ede nan kesyon sekirite ak estabilite.
Sa ki parèt plis ridikil nan sa se paske Didier Fils-Aimé fenk sot Etazini nan kad menm dosye sa a.




















