Ricardin Jean-Pierre, polisye ajan 2 ki te fizye Fedora Vitté wikenn pase a nan Dèlma 95 lan, pote tèt li bay Lapolis. Selon kominike PNH la mete deyò, polisye a remèt tèt li jounen madi 13 janvye 2026 la. Pou kounye a, li nan Direksyon Santral Polis Jidisyè ap reponn kesyon.
N ap raple misye te touye Fedora akoz yon fil kouran ki te dekonekte.





















