Plis pase 3 milyon Ayisyen ap viv san “Batistè”, daprè direktè Achiv nasyonal la, Wilfrid Bertrand

haitinewstv.com

Plis pase 3 milyon Ayisyen ap viv san “Batistè”, daprè direktè Achiv nasyonal la, Wilfrid Bertrand

Ayè mèkredi 25 novanm 2020 an, chèf leta a, Jovenel Moïse, ak premye minis peyi a, Joseph Jouthe, te chita pale ak plizyè lòt otorite anndan peyi a, epi remèt ak responsab Ofis nasyonal idantifikasyon an (ONI), plizyè materyèl ak direktè enstitisyon an, Jude Jacques Elibert, pou kontinye fè livrezon kat yo pi vit anndan peyi a.

Nan sikonstans lan, lokatè palè nasyonal la, Jovenel Moïse, te pwofite kesyone plizyè nan otorite ki te prezan yo, pou konnen konbyen kat ki gentan enprime, epi ki rezon ki lakòz plizyè lòt sitwayen nan seksyon kominal yo paka fè kat yo.

Pou te reponn Jovenel Moïse, responsab ONI an, mesye Jude Jacques Elibert fè konnen ONI gen kapasite anrejistre 90 000 mil kat chak jou, epi livre 56 000 kat jou. Men enstitisyon an anrejistre sèlman 16 000 kat paske anpil nan sitwayen yo pa gen batistè, yon papye enpòtan, paske san li, yo pap ka fè kat la.

Yon pwoblèm ki ta pral pouse Prezidan Moïse kesyone direktè achiv nasyonal la, Mesye Wilfrid Bertrand, sou ka moun ki pa gen batistè yo.

Direktè achiv nasyonal la di prezidan an se depi 37 tan l ap poze pwoblèm sa. Mesye Bertrand di gen plis pase 3 milyon moun ki pa gen batistè, anndan peyi a kou aletranje, poutan yo peye taks menm jan ak tout moun.
Daprè Wilfrid Bertrand se paske isit pa gen anrejistreman depi moun nan fèt, se youn nan pwoblèm ki koz anpil sitwayen pa gen batistè.

Prezidan Jovenel Moïse montre li detèmine pou pèmèt tout ayisyen kapab genyen batistè paske menm bèt yo gen papye.

Jeff Jean Joseph

Application mobile

Ajoutez votre titre ici jj j jj j j j

Plus d'articles

Fineray Mikaben ap chante nan Eta Florid, Etazini

Daprè enfòmasyon fanmi li bay, fineray chantè ak gitaris ayisyen an Michael Benjamin alyas Mikaben ap chante dimanch 6 Novanm

Beladè, Lapolis arete 3 prezime bandi e sezi yon kay

Geisoson Succès, Junior ak Cacique Boyoco se non 3 endividi sa yo Lapolis nan komin Beladè arete vandredi 12 Dawout 2022

Une femme assassinée par des agents de la PNH

Ce vendredi 28 janvier 2022, une femme connue sous le nom de Cluny Poly, a été assassinée par les agents

Les États-Unis incluent la République dominicaine dans son plan anti-corruption

Le département d’État américain a publié le lundi 6 décembre 2021 son plan de lutte contre la corruption, une stratégie

Yon ajan BLTS tonbe anba bal bandi!

Nan moman plizyè ajan BLTS tap tande devye yon tantativ kidnapin nan Ri Kamo, Étienne Pierre Richard, yon ajan BLTS

Jovenel Moïse installe le Conseil National d’Assistance Légale

Dans le but de lutter contre la détention préventive prolongée, l’Administration Moïse-Joseph a procédé à l’installation du Conseil National d’Assistance

Frantz Elbé pwomèt l ap bay Konsèy Prezidansyèl la bon

Aprè yon rankont ki te genyen ayè jedi a ant manm Konsèy Prezidansyèl yo, premye minis pou yon ti bout

Mèt peyi yo piye Près Nasyonal ki anba lavil la

Yo leve jwenn Près Nasyonal ki tou prè Penitansye Nasyonal la piye byen bonè maten vandredi 19 avril 2024 la.

Kèk konpayi avyon anonse repriz vòl pou mwa me a

Depi aprè zèfèyis yo fin ogmante volim ensekirite a nan peyi a, aprè Sunrise ki fè kèk vòl sou Okap.

Lame dominikèn mare yon fanm ki te sove nan prizon

Clairzier Emase youn nan 142 fanm ki te sove nan prizon sivil Akayè a jwenn arestayon l maten jedi 18

Otorite ameriken yo pimpe tounen Ayiti plis pase 74 migran

Administrasyon Biden nan itilize Ayewopò Entènasyonal Kap Ayisyen an pou reprann vòl migratwa li yo. Daprè jounal Miami Herald, gen

Contact Us