Yon gwo dram rive nan maten mèkredi 26 dawout 2026 la, touprè Estad Rilax, nan zòn tèren Pegivil, Petyonvil, kote yon jèn gason 28 lane rive mouri anba bal mennaj li ki se yon polisyè. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, otè zak la se Mia, yon jèn polisyè 23 lane ki soti nan 34yèm pwomosyon Polis Nasyonal d Ayiti (PNH). Li ta louvri kout zam sou mennaj li pandan yon konfli ki, selon premye eleman yo, ta gen rapò ak jalouzi.
Mia ta blese pwòp tèt li ak yon bal nan pye. Pandan kadav jenn gason an nan mòg, Mia ap resevwa swen lopital.























