Pastè Moïse Joseph ki se yon figi enpòtan nan konstriksyon kanal Wanament lan rejwenn liberasyon l jounen lendi 9 fevriye 2026 la aprè plizyè mwa li pase dèyè kat miray. Pastè Moïse te arete 25 septanm 2025 nan vil Wanament pou prezime enplikasyon l nan asasina avoka Albert Joseph. Se avoka pastè a, Jean Renel Sénatus ki anonse nouvèl sa a.
Gen anpil mo remèsiman ki al jwenn tout moun ki te kanpe pou pastè Moïse libere.




















