Arete ki nonmen konsèy administrasyon Bank Repiblik d Ayiti a pibliye nan jounal “Le Moniteur”. Ronald Gabriel toujou rete kòm gouvènè, Guerdy Leriche, vis-gouvènè, Florian Jean-Mary, direktè jeneral, Edwige Jean ak Michel Delerme se manm. Chanjman sa yo fèt nan tèt pi gwo bank peyi a nan yon moman kote gen gwo rimè kouri kòmkwa gen gwo kad anndan BRH k ap fè asèlman sou fanm.
Sa gen kèk tan depi chanjman sa yo t ap bouyi anba anda, finalman yo fè l.





















