Pwofesè Fatima Judith Larrieux ki gen ti non jwèt Sacha mouri nan lannuit 20 pou rive 21 dawout 2026 lakay li nan 2yèm Gran ri Estenyo Vensan, Okay. Daprè enfòmasyon yo, li t al dòmi san okenn malèz. Vandredi maten, elèv ki te vin pran leson yo pa t jwenn li sou plas epi lè yo antre nan kay la, yo dekouvri kadav ansanm ak sèvant li, ki te toujou vivan men nan yon eta grav. Selon rimè k ap sikile, Sacha te fenk fin genyen yon pwosè konsènan kay kote l t ap dòmi an fas ak pwòp fanmi l.
Pou kounye a, otorite yo poko konfime koz lanmò a, e pa gen prèv ki pèmèt akize okenn moun.





















