Anbasadris Inyon Ewopeyèn ki nan Karakas la, Isabel Brilhante Pedrosa, genyen 72 èdtan pou l kite peyi Venezyela, daprè ministè zafè aletranje venezyelyen an.
Minis Jorge Arreaza deklare, ‹‹Jodi a, sou desizyon prezidan Nicolas Maduro nou remèt Madam Isabel Brilhante yon deklarasyon « persona non grata » nan men, aprè n fin chita pale avèk li››.
Venezyela pran dispozisyon pou ekspilse diplomat ewopeyen an sou teritwa a pou bay yon repons ak divès sanksyon Inyon Ewopeyèn pran kont Karakas.
Pooshy Rosana