Yon videyo ki viral sou rezo a nan fen jounen samdi 5 septanm 2026 la montre yon jenn fi gang 400 mawozo a ap rache ak kout manchèt. Selon enfòmasyon yon sèten Baby Love pataje, se Nice-B ki mennen demwazèl la bay teworis yo pou fè zak malonèt sa a. Gen enfòmasyon ki ta fè kwè aprè yo fin gaspiye jenn fi a ak kout manchèt, yo ta jwenn yon bebe anndan vant li. Sèn vyolans sa a montre nan ki nivo yon seri jèn nan peyi a pare pou sakrifye moun parèy yo pou enterè mesken.













