Patizan lajan Nenel Cassy yo te desann devan Pakè jodi a pou al pote sa yo rele solidarite bay ansyen senatè a yo di k ap sibi pèsekisyon politik. Daprè militan sa yo, Nenel Cassy p ap ka vini paske gen pwoblèm nan Maryani.
Nan dosye rapò ULCC a, gen yon bann kou pa konprann k ap bay. Pa gen okenn moun ki koupab, pa gen okenn moun ki te resevwa envitasyon Pakè e anplis tout di Pakè a pa konpetan pou tande yo.