Grenadye yo pral jwe premyè faz Mondyal 2026 la nan gwoup C a ki gen ladan l Brezil, Ekòs ak Mawòk. Se yon gwoup anpil fanatik e menm jwè te reve pou Ayiti ebyen se la a menm nou ye. Yon match Ayiti vs Brezil pral kreye anpil sansasyon bò kote fanatik balon won yo.
Pou kounye a, se travay preparasyon yo ki dwe demare san kanpe.





















