Aprè konvokasyon li devan Pakè Pòtoprens poutèt deklarasyon li te fè kote li te di li pral dechouke Fils-Aimé, Moïse Jean-Charles kite peyi a ayè mèkredi a. Li mete tèt li Sendomeng, anvan li pase pa Meksik pou ale Paragwe nan yon reyinyon politik, daprè sa li di yon medya nan peyi d Ayiti.
Moïse Jean-Charles fè konnen se avoka li ki pral devan paketye a. Anplis, lidè politik la ajoute Pakè Pòtoprens pa gen konpetans pou tande dosye a, paske se Okap li te fè deklarasyon an.
Pi lwen, Moïse Jean-Charles ajoute li p ap pran nan presyon sa yo e li ap toujou kenbe menm pozisyon li sou mo “dechoukay” la.





















