Minis Espò Repiblik Dominikèn nan, Kelvin Cruz, anonse vandredi 2 oktòb 2026 la desizyon pou entèdi seleksyon nasyonal Ayiti a jwe nan estad ak enstalasyon espòtif dominiken yo. Desizyon an pran aprè yon ensidan ki te fèt jedi nan youn nan pòtay Sant Olenpik la, kote yo akize plizyè sipòtè seleksyon ayisyèn ki ta enplike nan sa. Kelvin Cruz mande pou desizyon an respekte, pandan li di Repiblik Dominikèn gen dwa pran mezi sa a.
Anons lan vini aprè Grenadye yo te ranpòte yon viktwa 4-1 sou Repiblik Dominikèn nan match la.













