Prezidan Repiblik Dominikèn, Luis Abinader, konfime vandredi 2 oktòb 2026 la ke pozisyon Minis Espò a, Kelvin Cruz, reprezante pozisyon ofisyèl gouvènman dominiken an. Lè yo te mande Abinader sou desizyon pou entèdi seleksyon foutbòl Ayiti itilize enstalasyon espòtif nan peyi a, li reponn: «Li deja pale nan non gouvènman an, epi pozisyon li se […]Lire plus...
Minis Espò Repiblik Dominikèn nan, Kelvin Cruz, anonse vandredi 2 oktòb 2026 la desizyon pou entèdi seleksyon nasyonal Ayiti a jwe nan estad ak enstalasyon espòtif dominiken yo. Desizyon an pran aprè yon ensidan ki te fèt jedi nan youn nan pòtay Sant Olenpik la, kote yo akize plizyè sipòtè seleksyon ayisyèn ki ta enplike […]Lire plus...
James Glenn Thompson Jr, yon ansyen marin., fè fas ak 2 akizasyon federal nan kad ankèt ameriken sou asasina ansyen prezidan ayisyen Jovenel Moïse, daprè Miami Herald. Thompson pa akize kòm patisipan dirèk nan konplo asasina a. Pwokirè yo akize l dèske li te gen enfòmasyon sou krim yo, men li pa t rapòte yo […]Lire plus...
Ajan FBI nan Miami mete anba kòd Wesler Jean Baptiste, yon moun otorite federal ameriken yo t ap chèche nan kad yon dosye fwod, pandan li t ap prepare pou kite Florid pou ale Ayiti. Aprè ajan federal yo te resevwa yon enfòmasyon ijan sou prezans Jean Baptiste nan ayewopò a, ajan FBI ki travay […]Lire plus...
Gouvènman ameriken an depòte yon 88 lòt imigran ayisyen pou Ayiti nan kad yon nouvo operasyon depòtasyon ki te fèt jedi 1ye oktòb 2026. Pami moun ki te rive yo, te gen 12 fi ak 76 gason. Vòl la te asosye ak seri operasyon depòtasyon U.S. Immigration and Customs Enforcement (ICE) ap mennen sou Ayisyen […]Lire plus...
Plizyè fanatik ayisyen te pran inisyativ pou rete nan estad la apre bèl viktwa Grenadye yo 4-1 sou Repiblik Dominikèn, pou ede netwaye espas yo. Jès sa a vini apre yon gwo sware foutbòl kote Ayiti te domine seleksyon dominiken an nan kad Lig Nasyon CONCACAF yo. Plis pase 20 000 fanatik te asiste rankont […]Lire plus...
Nan mwa oktòb 1937, sou rejim diktatè dominiken Rafael Leónidas Trujillo, otorite yo te lanse yon gwo kanpay vyolans kont Ayisyen ak moun ki te gen orijin ayisyen ki t ap viv oswa travay nan plizyè zòn toupre fwontyè a. Pandan plizyè jou, anpil moun te sibi pèsekisyon ak asasina. Viktim yo te sitou sivil, […]Lire plus...
Nan kad pwosè Christian Emmanuel Sanon an nan Miami sou asasina Prezidan Jovenel Moïse, yon ajan FBI ki te temwaye devan tribinal la prezante dokiman ki montre James Solages ak Joseph Vincent pa t janm ap travay pou FBI ni DEA. Daprè temwayaj ajan an, verifikasyon ki fèt nan dosye ajans federal ameriken yo pa […]Lire plus...
