Prezidan Repiblik Dominikèn, Luis Abinader, konfime vandredi 2 oktòb 2026 la ke pozisyon Minis Espò a, Kelvin Cruz, reprezante pozisyon ofisyèl gouvènman dominiken an. Lè yo te mande Abinader sou desizyon pou entèdi seleksyon foutbòl Ayiti itilize enstalasyon espòtif nan peyi a, li reponn: «Li deja pale nan non gouvènman an, epi pozisyon li se pozisyon gouvènman an.»
Pa gen yon vrè rezon ki jistifye sa men selon anpil obsèvatè, Repiblik Dominikèn resevwa defèt la trè mal e kounye a y ap chache fo akizasyon.













